Songs

kenbe, kenbe, kenbe
kenbe pa lage
kenbe pye, granmet la
kenbe pa lage
kenbe, kenbe kenbe
kenbe pa lage
kenbe Jezu pi fo

1
Pagen personn moun ki kab ede ou
se Jezu selman ki tout fos ou
nan dezespwa ou, nan tout male ou
pa pedi konfyans Jezu avek ou

wololololoy(2) senan Jezu, nap jwen tout asurans
wolololoy(2) met kwe nan li, lap baw tout saw bezwen

2
Yo met ap kraze ou bay tout defi o
cheche tout jan pou elimine ou
si bondye ave ou kisa pou pe o
pagen pesonn moun ki kab manyen ou
kenbe, kenbe, kenbe…..
wololololoy…….

3
Se we moun yo we o, yo pa konnen ou
yo pa kon kijan k fe wap viv toujou
se zanj Bondye ki antoure ou
devan lenmi ou, Seye-a baw viktwa.

kenbe, kenbe, kenbe…

wololololoy………

Jezu o papao
siw lagem map peri (2)

Legliz katolik Kenbe
pa lage
pep karismatik yo kenbe
kenbe page
ligliz protestan yo kenbe
pa lage
pep Bondye yo kenbe
kenbe pa lage
frem sem yo kenbe
pa lage
O letenel kenbe m
kenbe pa lage

Jezu o papa o siw lage mwen map peri(4).

CD. RICHARD PREVAL


Jericho

Jericho, jericho jericho
Jezu pral kraze miray la (bis)

1
Tout vye miray peche ak tantasyon
(Jezu pral kraze miray la)
Tout miray divizyon ak pale mal
(Jezu pral kraze miray la)

2
Tout miray ambisyon ak rayisans
(Jezu pral kraze miray la)
Tout miray mechante, eksplwatasyon
(Jezu pral kraze miray la)

3
Tout miray pwoblem yo ak maladi
Jezu pral kraze miray la
Tout miray soufrans yo ak lamize
(Jezu pral kraze miray la)

4
Tout miray jalouzi,ipokrizi
(Jezu pral kraze miray la)
Tout miray defi yo miray menas
(Jezu pral kraze miray la)

– miray divisyon – (yo kraze)
– miray pap travay – (yo kraze)
– raysans yo – (yo kraze)
– mechanste yo – (yo kraze)
– maladi yo – (yo kraze)
– miray soufrans – (yo kraze)
– miray lamize – (yo kraze)

Leternel voye lesprisen sou nou, nou bezwenw

miray Jeriko, miray jeriko (2)
ak jeriko – (miray yo kraze) (4)
– (yo kraze)
– pwoblem yo – (yo kraze)
– maladi yo – (yo kraze)
– pale mal yo – (yo kraze)
– mechanste yo – (yo kraze)
– jalouzi yo – (yo kraze)
– raysans yo – (yo kraze)
– tripotaj yo – (yo kraze)
– ipokrizi – (yo kraze)
yo kraze, yo kraze, yo kraze, yo kraze, yo kraze